Batman kadyak

Spread the love

Chak batman kè w charye yon makonn plezi

Yon lonn gouyad ki fè palèt tete
Mwen bat kouwè yon tanbou asòtò
Nan lakou souvnans

Chak ti piwèt ou fè
Laprezidans ta dwe vwatire w

Paske cheri
Se nan plòtonnen avè w
Mwen rann kont
Se pa tout larim glise ki sot nan nen vre

Fabiola Musac


Spread the love

One Comment

  1. Avatar
    FOCUS

    Felisitasyon!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *